Kote ou soti?
San avèti, ou antre nan vi-m
Fè-m rele-w cheri, fè-m wè-w nan dòmi
Kote ou soti?
Ou fè tèt mwen cho, m pa konn si-m anwo
Tankou yon mato, ou frape pòt ke-m kò-w
Kote ou soti?
Ou fe tèt mwen vire
Ou bay san-m pye ou fèl- tonbe mache
Kote ou soti cheri?
Ou pa bezwen di-m, paske-m kontan ou nan vi-m, nan lespri-m
Ou pa bezwen di-m kote-w soti, mwen jis kontan ou vini
Ou pa bezwen di-m kote-w soti, mwen jis kontan ou vini
pwovèb kreyol illustration | unknown